Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 18:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men veso ke li t ap fè ak ajil la te gate nan men mèt krich la. Pou sa, li te refòme l fè yon lòt veso jan sa te fè l plezi fè a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Depi krich li t'ap fè a pat sòti byen, li kraze l, li pran tè a, li fè yon lòt krich avè l jan li te vle fè l la.

Gade chapit la



Jeremi 18:4
5 Referans Kwoze  

Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?


Konsa, mwen te desann lakay mèt krich la. E gade byen, li t ap fè yon bagay sou wou a.


Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël.