Ka p di: “Kite Li fè vit, kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè; kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
Jeremi 17:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Gade, y ap di mwen tout tan: “Kote pawòl SENYÈ a? Kite l ranpli koulye a”. 1998 Haïtienne Moun yo ap di mwen: Kote sa Senyè a te di a? Se pou l rive vre! |
Ka p di: “Kite Li fè vit, kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè; kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
“Fis a lòm, ki pwovèb sa a, ke nou menm pèp la, gen konsènan peyi Israël, ki di: ‘Jou yo long e tout vizyon yo vin gate’?
Elas pou nou menm ki anvi wè jou SENYÈ a! Pouki sa nou lanvi we jou SENYÈ a? Li va yon jou tenèb olye limyè.
“Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: ‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li pran plezi nan yo;’ oswa ‘Kote Bondye jistis la ye?’”