SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou.
Jenèz 9:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa li te di: “ Canaan se modi. Se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.” 1998 Haïtienne Li di: — Madichon pou Kanaran! Se pou l tounen dènye klas esklav frè l yo. |
SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou.
Koulye a ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an.
Modi se kòlè yo, paske li fewòs; epi vanjans yo, paske li te mechan. Mwen va separe yo nan Jacob, e gaye yo nan Israël.
Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te Sem, Cham, ak Japhet. Epi Cham te papa Canaan.
Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la.
“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.
Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
“Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo.
Koulye a, pou sa, nou modi e nou p ap janm sispann jwe wòl kòm esklav, ni pou koupe bwa ni pou rale dlo pou kay Bondye mwen an.”
Men Josué te bay yo ransèyman soti nan menm jou sa a, kòm moun ki koupe bwa ak rale dlo pou kongregasyon an ak lotèl SENYÈ a, jis rive nan jou sila, nan plas ke Li ta chwazi a.