Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jenèz 9:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a.

Gade chapit la



Jenèz 9:13
5 Referans Kwoze  

Bondye te di: “Sa se sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo.


Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la,


Menm jan ak aparans a lakansyèl nan nwaj yo nan jou l ap fè lapli, konsa aparans a ekla limyè ki te antoure li a te ye. Konsa aparans a imaj a glwa a SENYÈ a te ye. Lè m te wè l, mwen te tonbe sou figi mwen, e mwen te tande yon vwa ki t ap pale.


Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.


Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd.