Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a.
Jenèz 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a, 1998 Haïtienne Apre sa, li lage yon pijon pou l wè si dlo a te fin bese sou tè a. |
Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a.
men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.
O toutrèl nan fant wòch mwen an, nan kote sekrè chemen ki monte apik, kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou! Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.
Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.