Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jenèz 50:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Apre sa, Jozèf rele doktè ki t'ap sèvi li yo. Li fè yo anbonmen kadav la. Se sa menm doktè yo fè.

Gade chapit la



Jenèz 50:2
10 Referans Kwoze  

Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”


Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li.


Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.


Yo te antere li nan pwòp tonm ke li te fouye pou li menm nan lavil David la, e yo te kouche li nan plas repo ke li te plen avèk plizyè kalite epis ki te mele selon metye a yon moun ki konn fè pafen; epi yo te fè yon trè gwo dife pou li.


Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l pou prepare Mwen pou lantèman.


Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an.


Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li.


Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo.


Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou jou lantèman M.