Jenèz 5:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah. 1998 Haïtienne Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela. |
Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.
Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye yo a moun sen pa Li yo,