Jenèz 48:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.” 1998 Haïtienne Epi li di papa l: — Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li. |
Alò, Rebecca te pran pi bon vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a.
Alò, yo te chita devan li, premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone.
Lè Joseph te vin wè ke papa li te poze men dwat li sou tèt Éphraïm, sa te fè l pa kontan. Li te sezi men papa li pou deplase li sou Éphraïm, ale vè tèt Manassé.
Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”
Ruben, se ou ki premye ne mwen an; pouvwa mwen, kòmansman nan gwo fòs mwen, premye nan respè e premye nan fòs.
Se pa konsa! Ale koulye a ak mesye ki pami nou yo, pou sèvi SENYÈ a, konsi se sa menm nou vle fè.” Konsa yo te chase yo ale kite prezans Farawon.
“Men saj yo te reponn: ‘Non, pwiske si nou fè sa, nou p ap rete kont pou nou. Pito nou ale kote machann pou nou achte pou tèt nou.’
Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”
“Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’