Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon move rapò sou yo, bay papa li.
Alò, Joseph te gen laj trant ane lè li te kanpe devan Farawon, wa Égypte la. Epi Joseph te sòti nan prezans Farawon, e li te ale toupatou nan tout peyi Égypte la.
Gwo grangou a te fin gaye sou tout sifas tè a. Konsa, Joseph te ouvri tout depo yo pou te vann manje bay Ejipsyen yo. Gwo grangou a te byen rèd nan peyi Égypte la.
Lè ane sa a te fini, yo te vin kote li nan lane pwochèn, e te di li: “Nou p ap kache a mèt nou ke lajan nou fin depanse, e tout twoupo bèt yo se pou mèt nou. Nanpwen anyen ki rete pou mèt la, sof ke kò nou, ak tè nou yo.
Epi Joseph te di a pèp la: “Veye byen, jodi a mwen te achte nou menm avèk tè nou yo pou Farawon. Men semans lan se pou nou, e nou kapab simen nan tè a.
Konsa, ansyen nan vil sa yo va mennen gazèl la desann nan yon vale avèk kouran dlo, ki potko raboure ni plante. Li va kase kou gazèl la nan plas kote vale a.
Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo.