Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit.
Jenèz 43:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan. 1998 Haïtienne Se nan men m li ye, se mwen menm ki pou rann ou kont pou li. Si m pa mennen l tounen ba ou, si m pa tounen avè l la devan ou, se mwen menm k'ap pote fòt la devan ou jouk mwen mouri. |
Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit.
Alò, Reuben te pale avèk papa l. Li te di: “Ou kapab mete de gason mwen yo a lanmò si mwen pa mennen li retounen kote ou. Mete li sou kont mwen, e mwen va fè l retounen kote ou.”
Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.
Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite wa a avèk twòn li an pa koupab.”
Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”
“Depoze la koulye a, yon sekirite. Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm. Se kilès ki kab antann avè m?
Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou.
“Ankò, lè yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou.
Men si gadyen an wè nepe a ap vini, e li pa sonnen twonpèt la, moun yo pa avèti, e nepe a rive retire nenpòt moun pami yo, moun nan soti nan inikite li. Men san li, Mwen va egzije sa a nan men gadyen an.’
Lè M di a mechan an: ‘O nonm mechan anverite ou va mouri’, men ou pa pale pou avèti e detounen mechan an pou l ka kite chemen mechan li an, nonm mechan sa a va mouri nan inikite li, men san li, Mwen va egzije sa nan men ou.
jiskaske tout san a pwofèt yo ki te vèse depi fondasyon mond lan kapab chaje kont jenerasyon sila a,