Jenèz 43:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’” 1998 Haïtienne Yo reponn li: — Mesye a t'ap poze nou kèsyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lòt frè, se pou n te reponn li. Kouman pou n ta fè konnen li ta pral mande nou pou nou mennen ti frè nou an ba li? |
Men yo te reponn li: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e youn pa la ankò.”
Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”
Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”
Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’