Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”
Jenèz 43:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.” 1998 Haïtienne Lè Jozèf wè Benjamen ak yo, li rele chèf domestik li a, li di l: — Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bèt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avè m amidi a. |
Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”
Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a.
Alò, Jacob te ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan.
Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li.
Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen?
Alò, se pou sa ke m ta dwe pran pen mwen avèk dlo mwen ak vyann ke m te fin kòche pou ouvriye pa m yo e bay li a mesye ke m pa menm konnen kote yo sòti yo?”