Konsa, gade byen, sèt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen swa, e byen gra. Yo t ap manje nan zèb flèv la.
Jenèz 41:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bèf ki te lèd e mèg yo te manje valè sèt bèf ki te swa e byen gra yo. Epi konsa, Farawon te vin leve nan dòmi. 1998 Haïtienne Sèt vye vach mèg yo manje sèt bèl vach gra yo. Epi je farawon an vin klè. |
Konsa, gade byen, sèt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen swa, e byen gra. Yo t ap manje nan zèb flèv la.
Epi gade byen, sèt lòt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen lèd e mèg, e yo te kanpe akote lòt bèf bò kote lariviyè Nil lan.
Li te tonbe dòmi ankò, e fè rèv yon dezyèm fwa. Konsa, sèt tèt mayi te vini sou yon sèl pye mayi, ki te gwo e bon.
Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.