Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.
Jenèz 40:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kaptenn kò gad la te mete Joseph an chaj yo, pou li te okipe yo. Konsa, yo te nan prizon an pou kèk tan. 1998 Haïtienne Kòmandan gad palè a mete yo sou kont Jozèf pou l sèvi yo. Yo pase kèk tan nan prizon an. |
Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.
Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte. Epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men Izmayelit yo, ki te fè l desann la.
Alò li te sere yo nan prizon lakay Kaptenn a kò gad la, menm kote ke Joseph te anprizone a.
Epi pandan tan sa a, toude moun sa yo, chèf ki te responsab pran avan gou diven nan, ak bòs boulanje a wa a, te fè yon rèv nan menm nwit lan. Chak moun te fè pwòp rèv pa li, e chak rèv te gen pwòp entèpretasyon pa li.