Jenèz 4:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Depi koulye a, lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.” 1998 Haïtienne Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa li ta dwe. W'ap tounen vakabon pyepoudre sou latè. |
Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari. Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.
Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.
Bondye mwen an va jete yo deyò akoz yo pa t koute Li; epi yo va vin vagabon pami nasyon yo.
Chan an vin gate nèt. Peyi a ap fè dèy. Paske tout sereyal la fin gate nèt. Diven nèf la fin seche, lwil fre a vin sispann.
Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.
“Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.
Paske kreyasyon an te a sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan;
“Men li va vin rive ke si nou pa obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv tout kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ke mwen pase lòd bannou jodi a, ke tout malediksyon sa yo va vini sou nou, pou pran nou.