Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè
Jenèz 39:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an. 1998 Haïtienne Men Senyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l jan l te renmen l, li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans. |
Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè
Alò mèt li a te wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l.
Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li.
Alò li te sere yo nan prizon lakay Kaptenn a kò gad la, menm kote ke Joseph te anprizone a.
pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito, pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.
Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li, menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.
SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.
Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin piyaje Ejipsyen yo.
“Mwen va bay favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid.
Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.
Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.