Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jenèz 30:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou.

Gade chapit la



Jenèz 30:9
8 Referans Kwoze  

Apre Abram te viv dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li.


Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant.


Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit.


Sèvant a Léa a, Zilpa te fè yon fis pou Jacob.


Bondye te okipe Léa, e li te fè yon senkyèm fis pou Jacob.


Epi li te ba li sèvant li, Bilha kòm madanm, e li te antre nan relasyon avèk li.


Alò, Rachel te di: “Avèk gwo lit mwen te mennen avèk sè mwen an, mwen te vrèman vin genyen l.” Epi li te nonmen li Nephtali.


Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo.