Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.
Jenèz 28:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te vini nan yon sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a. 1998 Haïtienne Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske solèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l dòmi. |
Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.
Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a.
Jacob te di a tout relasyon fanmi pa li a: “Sanble wòch”! Epi yo te pran wòch yo. Yo te fè yon gwo pil, e yo te manje la akote pil la.
Jésus te di li: “Rena yo gen twou pou yo kache, e zwazo anlè yo gen nich pa yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.”
Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.