SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
Jenèz 27:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men manman li te di li: “Ke madichon ou tonbe sou mwen, fis mwen! Sèlman obeyi vwa m, e ale chache yo pou mwen.” 1998 Haïtienne Men manman an reponn: — Madichon l'a ba ou a va tonbe sou mwen, pitit mwen. Ou menm, fè sa mwen di ou fè a, al chache kabrit yo mennen ban mwen. |
SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te vann dwa nesans li an bay Jacob.
Li te ale chache yo e te pote yo bay manman l. Manman l te fè yon manje bon gou jan papa l te renmen an.
Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan.
Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite wa a avèk twòn li an pa koupab.”
Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal.
Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an.