Jenèz 25:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim. 1998 Haïtienne Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo. |
Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo.
Li te fè li wa sou Galaad, sou Gechouryen yo, sou Jizreel, sou Ephraïm ak sou Benjamin, menm sou tout Israël la.
Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil.
Pwofesi konsènan Arabie a. Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo.
Anpil chamo va kouvri ou, jenn chamo a Madian ak Épha yo. Tout sila soti Séba yo va vini. Yo va pote lò ak lansan, e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.
Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo, O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.
akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe.
“‘“Fis a Dedan yo te fè trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin fè mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou fè twòk.
Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo. Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.