Jenèz 23:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.” 1998 Haïtienne Li pale ak Efwon pou tout moun ka tande. Li di l: — Koute sa m'ap di ou: M'ap achte tout jaden an nan men ou pou pri li vo. Tanpri, asepte lajan m'ap ba ou pou li a. Se lè sa a m'a antere madanm mwen ladan l. |
Li te achte yon mòso tè kote li te monte tant li nan men fis Hamor yo, papa Sichem nan, pou sòm a san pyès lajan.
Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan.
Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.
Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”