Konsa, Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.
Jenèz 21:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè 1998 Haïtienne Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avèk Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l konsa: — Bondye avè ou nan tou sa w'ap fè. |
Konsa, Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.
Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit.
Abraham te di selon Sarah, madanm li: “Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan Guérar a te vin pran Sarah.
Alò, Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a.
Yo te di: “Nou wè byen klè ke SENYÈ a te avèk ou. Alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou,
“Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.”
Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men Bondye a papa m nan te avèk mwen.
Epi yo te rive nan fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba.
Alò Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil.
Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo, mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou. Yo va pou ou. Yo va mache dèyè w. Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou; yo va fè siplikasyon a ou menm. ‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt. Nanpwen lòt Bondye’”
Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’
“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.
Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.
Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”
Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou.
Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.
David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan fò a.
Konsa, Samuel te grandi, SENYÈ a te avèk li e Li pa t kite okenn nan pawòl li yo manke reyisi.