Jenèz 2:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 1998 Haïtienne Se poutèt sa, gason ap kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li, epi yo de a ap vin fè yon sèl. |
Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.
Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a.
“Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li.
Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch.