Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la.
Jenèz 16:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”? 1998 Haïtienne Aga di nan kè li: Ou kwè se mwen menm tout bon vre ki wè moun ki wè mwen an! Se konsa li rele Senyè a El-Wòy, ki vle di: Bondye ki wè mwen an. |
Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la.
Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonnan plas sa a etonnan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”
Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te rann jijman an yèswa.”
Konsa, Jacob te nonmen kote sa Peniel, paske li te di: “Mwen te wè Bondye fasafas, malgre sa, vi mwen te prezève.”
Alò, solèy la te leve sou li nan menm moman li t ap travèse Peniel la, e li te bwate akoz gwo janm nan.
Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.
Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la nan Ophra a Abizerit yo.