Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
Jenèz 13:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès. 1998 Haïtienne Lè Lòt fin ale, Senyè a di Abram konsa: — Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès, |
Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.
“Leve zye ou e gade toupatou; yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou. Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a: “Ou va, anverite abiye ak yo tout, pou yo sèvi kon bijou ou, e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.”
“Leve zye ou toupatou e gade; yo tout rasanble ansanm; yo vin kote ou. Fis ou yo va vini soti lwen, e fi ou yo va pote nan bra yo.
Monte sou tèt Pisga, leve zye ou vè lwès, nan nò, sid avèk lès, e gade li avèk zye ou, paske ou p ap travèse Jourdain an.
Alò, Moïse te monte soti plèn Moab pou rive nan Mòn Nebo, jis rive nan pwent Pisga ki anfas Jéricho a. Epi SENYÈ a te montre li tout peyi Galaad la jis rive Dan,