Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”
Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.
Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo!
Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)
Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’