Jan 7:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: “Vrèman, sa se pwofèt la.” 1998 Haïtienne Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: — Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la! Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè moun yo te tande sa Jezi di yo, gen nan yo ki di: “Nonm sa a se Pwofèt la vre.” |
Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie? Li te di: “Non mwen pa Li.” “Èske ou menm se Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”
E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.”