Jan 7:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.” 1998 Haïtienne Pa jije sou laparans. Jije dapre sa ki dwat. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Ann sispann jije sou laparans. Ann jije yon fason ki dwat.” |
Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la; tou de abominab a SENYÈ a.
sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
“‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vrè jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li.
Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a?
Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li.
Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè.