Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 6:54 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè l leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a.

Gade chapit la



Jan 6:54
12 Referans Kwoze  

Aflije yo va manje e va satisfè. Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!


Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”


“Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”


“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.


Paske chè M se vrè manje a, e san Mwen se vrè bwason an.


“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.


Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.