Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.
Jan 6:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, fis a Joseph la? Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?” 1998 Haïtienne Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?” |
Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.
Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”
Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”
“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
“Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan.
ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.