Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 6:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Jésus te monte sou mòn nan, epi la Li te chita avèk disip Li yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi monte sou mòn nan epi li chita la avèk disip li yo.

Gade chapit la



Jan 6:3
7 Referans Kwoze  

Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li.


Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.


Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L.


Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li.


Anviwon uit jou aprè pawòl sa yo, Li te pran Pierre avèk Jean, avèk Jacques, e te monte nan mòn nan pou priye.


Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.