Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
Jan 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?” 1998 Haïtienne Jezi wè l kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: — Eske ou vle geri? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi wè li kouche la epi li konnen l malad depi byen lontan. Li di li: “Èske ou vle geri?” |
Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
“Mwen te chache pa sila ki pa t mande pou Mwen yo; Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M. Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’ a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.
Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo, sou kolin ak nan chan yo. Malè a ou menm, O Jérusalem! Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?” Pou konbyen de tan sa va dire?
Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.
Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.
Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.