Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.”
Jan 4:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a. Jésus te di l: “Ban M bwè”. 1998 Haïtienne Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l konsa: — Tanpri, ban m ti gout dlo pou m bwè. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon fanm samaritèn te vin chache dlo nan pi a, epi Jezi di l konsa: “Ban m ti gout dlo.” |
Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.”
Gade byen, mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e ke mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”,
Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”
Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwe; anverite, Mwen di nou li pa p pèdi rekonpans li.
Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”
Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”
Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.