Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”
Jan 4:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou. 1998 Haïtienne Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l pou l rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Samariten yo ale kote Jezi. Yo mande Li rete ak yo. Konsa, Jezi te pase de jou ak yo. |
Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”
Lè m fenk kite yo mwen te jwenn sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m, pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
O Espwa Israël la, Sovè li nan tan gwo twoub la, poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a? Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?
Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li.
Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo.
Men mesye a ke dyab yo te kite a te sipliye L pou L ta kapab ale avèk li, men Li te voye li ale e te di:
Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”.
Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.
“Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.