Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 4:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

— Vini wè yon nonm ki di m tou sa m fè. Eske nou pa kwè se Kris la?

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

“Men yon nonm ki di mwen tout bagay mwen fè. Vin wè, èske se pa ta li menm ki Mesi a?”

Gade chapit la



Jan 4:29
12 Referans Kwoze  

Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab Fis a David?”


Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”


Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun:


Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.


Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”.


Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La?


Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”


Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.


Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou.