Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè sa a Nikodèm di li: — Ki jan sa ka fèt menm?

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Nikodèm mande Jezi: “Kòman sa kapab fè fèt?”

Gade chapit la



Jan 3:9
9 Referans Kwoze  

Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.


Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.


Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”


Jésus te reponn: “Ou menm se Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo?


Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”


Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”


Pou sa Jwif yo te kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”


Konsa, anpil nan disip Li yo lè yo te tande sa te di: “Pawòl sa a tèlman difisil. Ki moun ki ka tande sa?”