Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”
Jan 21:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.” Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e nwit sa a, yo pa t kenbe anyen. 1998 Haïtienne Simon Pyè di: — Mwen pral lapèch. Yo di li: — Nou menm tou, nou pral avè ou. Se konsa yo pati, yo moute nan yon kannòt. Men, yo pase tout nwit lan yo pat pran anyen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.” Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen. |
Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”
Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo pa t konnen ke se te Jésus.
Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye.
Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a.
Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a.