Jan 20:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.” 1998 Haïtienne Zanj yo mande li: — Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: — Yo wete Senyè mwen an, m pa konn kote yo mete li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yo di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye konsa?” Li reponn yo: “Yo wete kò Senyè m nan epi m pa konnen kote yo mete li.” |
Konsa pale SENYÈ a: “Anpeche vwa ou k ap kriye, ak zye ou ap fè dlo; paske travay ou va vin rekonpanse,” deklare SENYÈ a: “Yo va retounen sòti nan peyi ènmi an.
Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?”
Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”
Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”
E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”
Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”
Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”