Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la.
Jan 18:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a. 1998 Haïtienne Premye kote yo mennen l, se kay Àn. Àn te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. |
Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la.
Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.
Men youn nan yo, Caïphe, ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen,
Alò li pa t di sa pou kont li, men akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an.
Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.
Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”
Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo.