Jan 16:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a. 1998 Haïtienne Mwen di nou tou sa anparabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale daki ak nou ankò. Men m'ap pale nou aklè sou Papa a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen di nou tout bagay sa yo an parabòl, men gen yon jou k ap vini kote mwen p ap pale ak nou kon sa ankò, men m ap fè nou konnen aklè sa k konsène Papa a. |
Epi mwen te di: “O Senyè BONDYE! Y ap di de mwen: ‘Èske se pa parabòl sèlman l ap pale?’”
Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?
Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
Li t ap pale bagay la byen klè. Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.
Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”
Kalite pawòl sa a, Jésus te sèvi pou pale avèk yo, men yo pa t konprann bagay sa yo ke Li t ap di yo.
“Yo va mete nou deyò nan sinagòg la, epi lè a ap vini ke y ap konprann ke se yon sèvis yo rann Bondye lè yo touye nou.
Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.
Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.