“Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè.
Jan 15:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pa gen pi gran amou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo. 1998 Haïtienne Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pa janm gen yon lanmou pi gran pase lanmou yon moun ki bay pwòp lavi l pou moun li renmen. |
“Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè.
Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.
Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.