Jan 11:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di: “Kibò nou mete Li?” Yo te di Li: “Senyè, vin wè.” 1998 Haïtienne Li mande yo: — Ki bò nou antere li? Yo reponn li: — Senyè, vin wè non. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?” Yo di l: “Senyè vin wè.” |
Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la.
Li te di yo: “Vini, nou va wè.” Pou sa yo te vini epi te wè kote Li t ap rete. Yo te rete avèk Li jou sa, paske li te vè dizyèm lè.
Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble.
E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”