Jan 10:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’? 1998 Haïtienne Jezi reponn yo: — Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye. |
“Anplis de sa, li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li.
SENYÈ a te di a Moïse: “Ou wè, Mwen fè ou vin tankou Bondye devan Farawon; epi frè ou a Aaron va pwofèt ou.
“Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje),
Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou jamen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?”
“Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’
Nan Lalwa a, li ekri: “Pa lèzòm ak lang etranje yo, e pa bouch etranje yo mwen va pale a pèp sila a, e malgre sa, yo p ap koute Mwen,” di Senyè a.