Pou sa Jwif yo te kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”
Jan 10:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa te leve yon divizyon pami Jwif yo akoz pawòl sa yo. 1998 Haïtienne Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon lòt fwa ankò, Jwif yo te divize poutèt sa Jezi t ap di. |
Pou sa Jwif yo te kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”
Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.” Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.
Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite.
pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?