Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.
Jak 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman. 1998 Haïtienne Anvan tout lòt bagay, frè mwen yo, men sa ki enpòtan: Piga nou sèmante ni sou syèl la, ni sou latè a, ni sou tèt okenn lòt bagay. Yon sèl pawòl pou nou genyen: se wi, se non. Konsa nou p'ap tonbe anba jijman Bondye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Frè m ak sè m yo, nou pa dwe ap sèmante. Pa pran kòm temwen ni syèl la, ni tè a oubyen yon lòt bagay. Lè se wi, di sèlman wi, lè se non, di sèlman non. Lè sa a, Bondye p ap gen pou jije w. |
Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.
Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.
Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou se an bòn sante.