Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jak 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Frè mwen yo, yon pye sikren pa ka donnen kenèp, ni yon pye rezen pa ka bay siwèl. Dlo sale pa ka bay dlo dous.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Èske yon pye fig kapab donnen zoliv? Èske ou kapab keyi fig sou yon pye rezen? Se menm jan an tou, yon sous dlo sale pa kapab bay dlo dous.

Gade chapit la



Jak 3:12
11 Referans Kwoze  

Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou, yon grenn ki fidèl nèt. Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M pou tounen yon boujon ki dejenere nèt sou yon chan rezen etranje?


“Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay.


Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.


Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la?