Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jak 1:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Paske, nou konnen sa, lè lafwa w rankontre eprèv, ou aprann gen pasyans nan soufrans yo.

Gade chapit la



Jak 1:3
15 Referans Kwoze  

Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.


Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.


Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl;


Men si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.


Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.


Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,


ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,


Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.


Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.


Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.


Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,


pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.


pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.


Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete.