Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
Jak 1:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a. 1998 Haïtienne Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lè l fin i, li pati epi li bliye kijan figi l te ye. |
Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
Tout sila ki te tande koze sa yo te sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li.
Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.
Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa.
Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl?
Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?” Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.”