Galat 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout legliz nan Galatie yo: 1998 Haïtienne Tout frè ki isit la yo mete tèt ansanm avè m pou ekri lèt sa a pou tout legliz ki nan peyi Galasi yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen menm ak tout frè ak sè ki nan fanmi Bondye a avè m yo, n ap ekri lèt sa a voye pou nou menm moun legliz Galasi yo. |
Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.
Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou.
O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a?
Men nou konnen prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li.