Filemon 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va fè menm plis ke sa mwen di a. 1998 Haïtienne Se paske mwen konnen w'ap fè sa m mande ou la ki fè m ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m mande ou la. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa. |
Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout.
Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.
Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo.